Lyrics

Wooooo Nan peyan m solèy leve chak jou Se tankou m' te nan paradi Pou jan bèl flè lanmou blayi Nan kè tout moun kap viv ladann Li te gen chans pou l' dekore Ak pye kokoyè bò lanmè Bèl flè pouse nan chak sezon Ki anpeche m' pati kite l' Ayiti cheri Andan vant ou m sòti Lèt manmèl ou-k nouri m', cheri Pou jan bon pye mango Rosiyòl kap chante, cheri Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou Woooo, Woooo Lontan, lontan lè m' te piti Ak tout ti zanmi m' m'ap pati Map chèche chimen la kanpay Pou m'al twouve bon gou lavi Lè n' rive n'twouve zannanna Bon jan kann kreyòl pou n' souse Dlo kokoye sèvi n desè Tout bagay sa yo fè m' renmen w Ayiti cheri Mwen pa gen dwa troke w Menm si yap banm dyaman, cheri Tout zetwal kap briye, ti zwazo kap chante, cheri Lanmou ap blayi nan kè m pou ou Wooo, wooo Kounye-a m'vinn gran mape chante Nan ti chanson m'leve w byen wo Paske w pat janm sispann soutni m' Jouk jounen jodi ke map viv Ayiti cheri, Pou koulè syèl la gen lè solèy ap leve Bon jan van kap soufle lè solèy ap kouche Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou Ayiti cheri, se nou tout men nan men ki pou sove w Chèn solidarite ki pou soutni'w Lanmou ap blayi nan kè m pou ou Ayiti cheri, Pou koulè syèl la gen lè solèy ap leve Bon jan van kap soufle lè solèy ap kouche Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out