Lyrics

Genre: Konpa stella#1 Pa jwe mizik sa Chak fwa mtande'l m'santi'm blese Se li'k premie danse nan premie ti bal nou t'ale Pa jwe mizik sa Se tankou yon kout kouto anba ke Lavi'm gen on gou anme San ou mwen santi tout doule Men ou met jwe mizik sa Men bwat vocal la pa change Se vwa nou tou lede kap di kite mesaj souple Cherie m'pap janm pare pou mwen bliye jan nou te ye Pa jwe mizik sa Nou te tankou de timoun fou Kit diab kit lougarou nou pat pe telman n'te damou Pa jwe mizik sa Yo diw paka gen de manman, men Cherie gen des moment Pou mwen ou te plis yon manman Men ou met jwe mizik sa Youn nan bon souvni mwen gen de ou Le ciel fe nou yon kou Mwen pediw nan goudougoudou Mpa kwe map janm pare pou mwen bliye jan nou te ye (epi nou tres klass) (tribulation Male pa janm anonce prekotion pap janm ase Le se destin'k decide, vle ou vle pafwa'w resigne'w Pa janm fe resev lanmou, le nou genyen yon moun nan vi nou Ti mizik sa se pou nou, messaj la ka sevi nou Mpa vle we moun kriye, se lavi'l map celebre Pitom m'we nap danse, se sa ka soulaje'm Olieu nou pede di nap gentan pou'n exprime lanmou Pito'n profite chak moment, lavi sa ofri nou Se konsey sa mkap ba nou (Cherie mbeni) (cherim sonjew) (klass it is baby yes it baby) (tombo)
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out