Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Harmonik
Harmonik
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Sanders Solon
Sanders Solon
Songwriter

Lyrics

Kite m di w Mwen konnen sa ki padon E mwen kwè nan konpasyon Lavi twò kout, pa gen plas pou trayizon Se sa k fè nou diferan Mwen pa ka mete tèt mwen nan plas ou Se sa k evite m fè sa ki pa bon Pouki w vle ban m kou pandan m ap ede w Èske w pa wè siksè m nan avantaj ou? Sa konn rive, mw anvi louvri bouch mw Pou m di, oh, non, oh, non Si ou kwè nan fè sa ki mal Ou ka fè li pou yon tan Men w p ap ka fè l pou tout tan, non, non Mwen pa ka mete tèt mwen nan plas ou Se sa k evite m fè sa ki pa bon Pouki w vle ban m kou pandan m ap ede w Èske w pa wè siksè m nan avantaj ou? Pa mòde men ki ba w manje (yeah, he heard) Demen, ou ka gen bezwen l Pa mòde men ki ba w manje Demen, ou ka gen bezwen l M te di w mechanste pa ladann W a va sispann fè sa k pa sa Yon jou w ap fas ak konsyans ou W p ap gen pèsòn pou defann ou Yo di sa w fè se li ou wè Zanmi w te gen tan nan erè Libere lespri w de sa ki mal Repanse vi w pou pa gen remò Pa mòde men ki ba w manje (yeah, it is right) Demen, ou ka gen bezwen l Pa mòde men ki ba w manje (wo-oh, pa mòde) Demen, ou ka gen bezwen l M te di w mechanste pa ladann W a va sispann fè sa k pa sa Yon jou, w ap fas ak konsyans ou W p ap gen pèsòn pou defann ou Yo di sa w fè se li ou wè Zanmi w te gen tan nan erè Libere lespri w de sa ki mal Repanse vi w pou pa gen remò Nicky Sa s on Konpa kloutoup kloutap (Nou p ap prese) Fred, mizè w, woy! Sa s on Konpa kloutoup kloutap (Nou p ap prese) Pa mòde men ki ba w manje (aprann viv ak senplisite) Demen, ou ka gen bezwen l (Chanje kè w, chanje lespri w) Pa mòde men ki ba w manje (kite sa ki bon domine w) Demen, ou ka gen bezwen l (fè l avèk anpil imilite) Pa mòde men ki ba w manje Demen, ou ka gen bezwen l (lady New-York, ou tande) Pa mòde men ki ba w manje Demen, ou ka gen bezwen l
Writer(s): Marc Lubin, Sanders Solon Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out