Music Video

Ayiti Fem Mal Ak Byen (feat. Olicase)
Watch {trackName} music video by {artistName}

Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Blaze One
Blaze One
Performer
Olicase Music
Olicase Music
Performer
ELYSER SENORA
ELYSER SENORA
Performer
JIWENRISON GUETZ MARCENA
JIWENRISON GUETZ MARCENA
Performer
PRODUCTION & ENGINEERING
Olicase Music
Olicase Music
Producer

Lyrics

Yeah! Blaze One vètè OGF toutan Ayiti fè mwen byen, Ayiti fè mwen mal Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere Ayiti fè mwen byen ayiti fè mwen mal Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou (An) ayiti son peyi traka, m' plen bagay pou m rakonte Yon peyi this yon peyi that ki plen obstak pou afwonte Peyi solèy peyi lapli kote gwo loraj ap gwonde Peyi priyè peyi kriyèl yon peyi k' plen kont ak Bon Dye (Ayiti peyi sous, peyi amè, peyi k' dous, Peyi pase, peyi next, peyi lendèk, peyi pous) Ayiti son ti peyi kote yo fè moun mouri leve menm nan Dòmi yon fèy sèch tonbe, m' pantan m tou kouri m leve Ti peyi sa tou pa gen bon pase kote m grandi a Li ki fè m onèt, saj e li tou k' fè m bandi a Ayiti son peyi prete, peyi rich e peyi pòv, peyi cheve, peyi tyas, Peyi tèt kwòt peyi chòv, peyi ganstè, peyi saj, peyi poze peyizaj, pey I bebe, peyi pitit, peyi gran e peyi k' laj, peyi jeune, peyi anfan, Peyi majeur, peyi vieux, Peyi couleur, peyi noir, wouj, vèt ak peyi ble M renmen l tankou son fanm kap ban m pwoblèm pandan m damou M pap pran pawòl nan men pèson Ou pap konprann si ou pa nou Son peyi ponyèt, peyi tèt, p Eyi moustach peyi bab, peyi pastè, Peyi prèt, peyi Bon Dye, peyi djab. Ayiti fè mwen byen, Ayiti fè mwen mal Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere Ayiti fè mwen byen ayiti fè mwen mal Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal (kòmandan Grèg) Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou (Delmas 95) Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou Yaah! Si w pa di l se peyi pa w mwen pap pè di l se peyi pa m nan Menm si m nan lòt peyi m' konn se la pou m fè vyeyi pa m nan Nou jete tradisyon n' pou tout kalite plezi alman Chak lè n' panse a vodoo nap zonbifye w san mezikalman Ayiti son peyi mechanste, Ladann plen mechan vre zanmi kap ba w Konsèy nan vèy ou ta bwè yon mechan te Son peyi k pa gen tèt ansanm yo plis nan epokrit Menm sa k pran pòz lap ede w lap fann tèt ou pou ipolit Ayiti rèd se pa 2 traka, Pou w viv fò w pa pè baka lari yo chaje fatra e moun ap manje sou K*k*, son peyi ou wè tout fim chasalòm, t èminatò son peyi w wè doub vanndam, a tout eprèv epi kòbòy Son peyi kòmanndo, Kò ranmbo peyi k' fòme kò zoro, kò Wobo, kò django nèg yo kriyèl kòm gowo Son peyi w wè jèn epapiye pou jan leta piye yo Egri tout sa w fè pou w pa briye pou sa tou w ta priye Malgre m konnen jan sa ye se ladann mwen m vle rezide m pap pral rete Lòt kote ayiti pito w deside, peyi mwen fèt, p Eyi zansèt peyi m ta renmen viv bèlte a Peyi k plen malonèt men li onèt pou libète a. Ayiti fè mwen byen, Ayiti fè mwen mal Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere Ayiti fè mwen byen ayiti fè mwen mal Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out