Lyrics

Famille de la terre, ann di Bondye mèsi Paske li fè l Mèsi Yawe Ouh, oh-oh-oh! Alelouya! Mwen dòmi, mwen leve M ap di W mèsi Mwen soti, mwen antre M ap di W mèsi Mwen respire, m ap viv M ap di W mesi Pou sante ou ban mwen M ap di W mèsi Paske Ou se Bondye m M ap di W mèsi Paske Ou jistifye m M ap di W mèsi Paske w mete m nan wayòm Ou M ap di W mèsi Paske W fè m pitit Ou M ap di w mèsi Mwen koube m Mwen koube mwen byen ba devan w poum di W mèsi Mèsi, Senyè, mèsi Mwen koube mwen byen ba devan W pou m di W mèsi Mèsi, Bondye, mèsi Pou lapè Ou ban mwen M ap di W mèsi Pou lajwa ou ban mwen M ap di W mèsi Paske limyè W briye sou mwen M ap di W mèsi Paske W toujou avè m M ap di W mèsi (alelouya) Paske chèn mwen yo kase M ap di W mèsi Paske wòch mwen yo woule M ap di W mèsi Paske ènmi mwen yo tonbe M ap di W mèsi Oh, yè! Paske Ou ban m viktwa M ap di W mèsi Mwen koube mwen Mwen koube mwen byen ba devan w poum di W mèsi Mèsi, Senyè, mèsi Mwen koube mwen byen ba devan W pou m di W mèsi Mèsi, Bondye, mèsi Mwen koube mwen byen ba devan w poum di W mèsi (alelouya) Mèsi, Senyè, mèsi (ouh, oh-oh-oh) Mwen koube mwen byen ba devan W pou m di W mèsi Mèsi, Bondye, mèsi Annou fè aksyon de gras pou Letènèl Paske li fè l Mèsi, Senyè! Mèsi pou tout sa Ou fè pou nou yo, ouh, oh-oh-oh! Mèsi, Yawe! Mèsi Èlchaday! Mèsi pou Ayiti! Mèsi pou Legliz la k ap grandi nan otorite W, oh, yes! Mwen koube m devan W Mwen koube mwen byen ba devan W poum di W mèsi Mèsi, Senyè, mèsi (alelouya) Mwen koube mwen byen ba devan W pou m di W mèsi, oh-oh! Mèsi, Bondye, mèsi Paske Ou se Bondye m M ap di W mèsi Paske Ou jistifye m M ap di W mèsi Paske w mete m nan wayòm Ou M ap di W mèsi Paske Ou rele m pitit Ou Mwen koube m byen ba Alelouya! Gad'on Bondye m ap sèvi! Li merite aksyon de gras pou tout sa li fè Mèsi pou Ayiti, mèsi pou fanmi m, mèsi pou zanmi m Oh, oh-oh-oh-ooh! Mwen koube mwen byen ba devan W poum di W mèsi Mèsi, Senyè, mèsi Mwen koube mwen byen ba devan W pou m di W mèsi, oh-oh! Mèsi, Bondye, mèsi M ta ka pase tout tan m ap di W mèsi Paske Ou fè pou sa Mèsi Bondye!
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out